If I Must Die...

Si mwen dwe mouri

Translated to Haitian Creole by

Si mwen dwe mouri,

ou dwe viv

pou rakonte istwa mwen

poum vann bagay mwen yo

pou achte yon moso twal

ak kèk fisèl,

(fè li blan ak yon ke long)

se konsa ke yon timoun, yon kote nan Gaza

pandan y ap gade syèl la nan je

ap tann papa l ki kite nan yon dife-

epi pa di pèsonn orevwa

pa menm nan kò li

pa menm pou tèt li -

wè kap la, kap mwen ou te fè, vole

pi wo a

epi li panse pou yon ti moman yon zanj la

pote renmen tounen

Si mwen dwe mouri

kite l pote espwa

kite se yon istwa.


Select poem translation

A poem by Refaat Alareer.